Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Droit Haïtien

KISA KI KONTRA ?

5 Mars 2018 , Rédigé par Me Evens Carriere

KISA KI KONTRA ?

Ou ka itilize plizyè lòt mo pouw ranplase mo kontra tankou ou ka di akò, konvansyon, angajman,antant.

Kòd sivil ayisyen an defini sa yo rele kontra nan atik 897 li a ki di ke: yon kontra se yon konvansyon kote yon moun oubyen plizyè moun gen yon obligasyon fas ak yon moun oubyen plizyè lot moun, pou yo bay, pou yo fè oubyen pou yo pa fè yon bgy.

🔘 yon resi, nenpot papye ou ekri pa vle di kontra, kontra gen jan lalwa mande pou sa fèt.

KI ENPÒTANS YON KONTRA ?

       🔘  Atik 925 kòd sivil la di ke tout akò, angajman ke 2 moun oubyen 2 pati pran antre yo, konsidere kom lwa yo.
 Kidonk lajistis se kondisyon yo te pase antre yo a lap respekte avan li gad sa lwa ayisyèn yo di sou koze a.

🔘 ou rankontre kontra nan zafè anfème kay, teren etc.
( kontra bay)

- Nan zafè vann 
( kontra vant)

- Nan zafè prete ( kontra prè)

- pafwa nan zafè maryaj
 (Kontra maryaj)

Nomalman nan tout aktivite ke wap antreprann ak lot moun kote li enpòtan poun met kondisyon, bay règ jwèt la...
Mw konseye pa neglije fè ti kontra nou pou evite diskisyon e pwoteje enterè nou, byen nou an ap an sekirite devan lalwa.

🔘 atik 1126 kòd sivil lan ale pi lwen poul di ke:
dwe gen yon kontra otantik oubyen sou siyati prive lè yon moun prete yon moun yon kob ki depase sèz goud
 (16 goud).

KISA KI KONTRA OTANTIK LA AK KONTRA SOU SIYATI PRIVE AN?

- Yo se 2 sèl fòm kontra yon moun ka fè.

1)kontra sou siyati prive an se lew chita ak lot moun lan nou ekri ti afè nou san nou pa al devan reprezantan leta ..
Nou ekri papye an epi nou chak gen youn menm jan.

2)kontra otantik lan oubyen solanèl se lè pou plis sekirite toujou oubyen kote lalwa mande sa pou kek kategori kontra nou al fèl devan yon reprezantan leta tankou notè, ofisyè eta sivil.

🔘 Gen senk (5) kategori kontra ki se :    
 1) kontra sinalagmatik
 2) kontra komitatif
 3) kontra aleyatwa
 4) kontra byenfezans.
 5) kontra Onere.
Ref: kòd sivil, atik 898 jiska 900.

1)kontra sinalagmatik la se yon kontra kote chak pati yo gen yon obligasyon egal youn fas lot .
Ex: kontra vant

2) kontra komitatik la se yon kontra kote chak pati yo angaje yo pou yo bay oubyen fè yon bagay youn pou lot ke yo antann yo, yo konsidere ke sa yap bay la oubyen fè an ,yo tou 2 egal.
Ex: EDH ka pase yon kontra ak DINEPA kote li ba li kouran epi DINEPA bay EDH dlo.

3)Kontra aleyatwa se yon kontra kote obligasyon an pou chak pati an depann de yon chans pouw genyen oubyen pouw pèdi.
Ex: jwèt aza, konpetisyon spò kelkonk, bòlèt.

4)Kontra byenfezans se yon kotra kote youn nan pati yo pwomèt, angajel poul fè oubyen bay lot pati a yon bagay gratis, sanl pa jwenn yon bagay aprè.
Ex: fè yon moun kado.

5)kontra Onere se yon kontra kote chak pati gen obligasyon pou yo fè oubyen bay yon bagay men jeneralman gen youn se peye lap peye lòt la.
Ex: ou bay yon moun fè yon kay pou ou.
- Ou mande sèvis yon pwofesyonel.
Wap jus gen obligasyon pouw peye.

Mèt Evens CARRIERE

 

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article